stephen matlock
A
thread 1/5
M te fè yon gwo bòl pikliz jodi a. Li pa twò pike paske m pa gen ase piman pike. (M te achte ase piman men lè m rive lakay kèk te pa bon konsa m jete yo.)
08:59 PM - Jul 22, 2023
Avatar
0
4
1
stephen matlock
A
thread 2/5
Èske ou vle prepare sa ou menm menm?

Ou bezwen:
Yon tèt chou
De twa kawòt
Yon zonyon (wouj, jòn, blan)
Sis zonyon vèt
De piman (wouj ak oranj osi jòn)
Yon tèt lay
Twa sitwòn ("limes")
Soti nan sis a rive douz piman pike (tankou "Scotch bonnet" osi "habanero")
Sèl
Piman nwa
09:06 PM - Jul 22, 2023 (Edited)
1
0
stephen matlock
A
thread 3/5
Peze ji ki soti nan sitwon yo.

Koupe tout legim yo mens eksepte lay ak piman pike.

Kraze lay la

Tise byen koupe piman pike yo.

Ajoute tout bagay nan yon gwo bòl.

Ajoute sèl ak pwav nwa.

Ajoute ji sitwon an.

Brase tout bagay

Kouvri ak frijidè pou kèk èdtan.
09:13 PM - Jul 22, 2023
1
0
stephen matlock
A
thread 4/5
Tann pou de oswa twa èdtan.

Retire nan frijidè a, epi divize an vè oswa veso.

ENPÒTAN: Kouvri tout bagay ki nan bokal la oswa veso a ak vinèg blan.

Mete kouvèti yo sou bokal yo oswa resipyan yo epi mete yo nan frijidè.

Tann de oswa twa jou anvan ou sèvi.
09:15 PM - Jul 22, 2023
1
0
stephen matlock
A
thread 5/5
Koreksyon m yo:
Ou bezwen vineg blan pou ou fè sa a. Padone m pou m bliye sa a!

M pa ka sonje mo kreyòl pou "black pepper." An franse li "poivre noir" men m pa ka sonje sa.

Itilize "pwav nwa" lè ou fè sa a ankò.
09:17 PM - Jul 22, 2023
0
0

 

{{ notificationModalContent }} {{ promptModalMessage }}